[Date Prev][Date Next][Thread Prev][Thread Next][Date Index][Thread Index]

#4229: Earthquakes (fwd)



From: Jean-Sébastien Roy <cdrh_haiti@hotmail.com>

Does anybody out there know of any Haitian (or at least creole speaking) 
specialist that could talk about the risks of a major earthquake in Haiti ?  
We are preparing a video documentary on Disaster Preparedness and would like 
to include a sequence on this.  This documentary will be shown to rural 
communities throughout the country. Obviously, this person would have to be 
presently located in Haiti itself.

For those interested in the subject, I'm including an exerpt of the Creole 
language training manual we have also developped for this training program 
(I truly hope not to get drwan into any diiscussions about "yon" or "youn". 
Not that I'm not keenly interested, but I just don't have the time to 
respond.... It's hard enough to go through the postings every day....

Rechèch ki te rive fèt nan lane 1986, 1994 ak 1995 nan Repiblik Dominikèn, 
Porto Riko, Kiba, ak zile Gran Tik yo montre aklè vitès mouvman plak 
tektonik Karayib lan pa rapò a plak Amerik di Nò a.

Etid yo montre plak Karayib la ap deplase nan direksyon lès nan yon vitès 21 
± 1 mm / lane ( ak yon grenn maj erè estanda) nan zòn sid Repiblik Dominikèn 
lan, ki vle di lap deplase 2 fwa pi vit pase sa lasyans te panse anvan. Gen 
yon lòt seri rechèch ki te fèt nan estasyon zile Sann Andrès ak zile St. 
Kwa, ki montre menm bagay la tou.

Enfòmasyon ki disponib jounnen jodi a, lè nou mete yo ansanm ak kèk ti model 
tou senp sou strès elastik yo, rive bay estimasyon vitès glisman pou fay 
goch lateral pi enpòtan bò zile Ispanyola yo:

1.  Fay ki nan lanmè sou rebò kot nò Repiblik Dominikèn ak peyi Dayiti a, 
4±3 mm/lane;

2. Fay septantryonal ki nan nò Repiblik Dominikèn  ak peyi Dayiti , 8±3 
mm/yr;

3. Fay Enriquillo ki nan pati sid Repiblik Dominikèn  ak peyi Dayiti, 
8±4mm/yr.

Lè w pran vitès deplasman plak tektonik ak glisman nan fay sila a yo, ki yon 
tijan rapid; epi w al mete sou sa tout prèv yo deja fin jwenn ki montre gen 
anpil tansyon kap rasanble depi dig dantan; san konte listwa divès gwo 
tranbleman latè ak aktivite volkanik nan zòn lan; tout bagay sa yo mete 
ansanm ta sanble montre den piplis risk sismik nan rejyon an pase sa lasyans 
te panse anvan sou baz obsèvasyon tivalè tranbleman latè ki te rive fèt 
pandan sèlman 100 lane ki sòt pase la yo

Gwoup Refleksyon sou Prevansyon ak Jesyon Risk ak Dezas yo, ki te vin kanpe 
gras a gouvènman peyi a, te rekonèt gen gwo posibilite pou yon tranbleman 
latè ki ta gen yon fòs 7.5 sou echèl Richtè a ta gen dwa rive anndan peyi a, 
poutèt tout enèji kap akimile nan fay bò zile a depi anpil tan.  Yo pale 
anpatikilye :

1. sou fay Enriquillo ki sòti depi nan sid Pòto Riko rive sou Repiblik 
Dominikèn nan zòn Azua, epi ki plonje kouri sou rebò penensil sid peyi 
Dayiti a jouk li rive nan zile Gran Kaiman yo.

2. sou fay septantryonal la, ki nan nò zile a. Depi plis pase 800 lane, l ap 
akimile anpil enèji. Lè nou konsidere peryòd retou li a, ki vle di sou ki 
valè lane en mwayèn li konn vin an aktivite, sòti sou 800 rive 1000 lane 
konsa.

Dapre reskonsab Enstiti Sismolojik Nasyonal nan Repiblik Dominikèn, yon 
bonjan tranbleman latè rive anmwayèn chak 50 lane konsa, men se nan lane 
1946 denye an te rive, ki fè yo panse gen anpil posibilite pou youn ta rive 
nan yon ti tan ki pa twò long.



________________________________________________________________________
Get Your Private, Free E-mail from MSN Hotmail at http://www.hotmail.com